Mwen leve nan yon kay kote se yon fanm ki bwa deye bannann mwen. Li se yon fanm djanm, ki okipe mwen, e fè tout bagay pou leve yon pitit ke maril te kite nan men l. Premye bagay ki enprime nan lesprim nan kompòtman fanm sa, se sans responsabilite l. Se youn nan pi gwo bagay li ban mwen. Pou m konsekan ak tèt mwen, konnen lè se responsabilite mwen pou mwen fè yon bagay e pou mwen pa fe bak nan ka sa yo.
Lè mwen konsidere lavi a, mwen wè anpil kote responsabilite sa eksprime. Men mwen fini pa konprann ke se pa mwen sèlman ki pou responsab pou lòt yo. Se yon bagay ke fi toujou fè, yo pran responsabilite pou tout bagay. Responsabilite nan yon sosyete se yon bagay ki pataje. Nan yon relasyon se menm bagay la tou.
Anpil fi leve nan kay ak paran yo, manman yo sitou kap prepare yo tou piti pou yo konnen kijan pou chame yon nèg, kijan pou yo kenbe yo nèg. Sa fè yo grandi ak lide ke se nèg la ki tout yo. Genyen yon nèg se yon finalite, se yo ki pou degaje yo kenbel. Si sa pa mache se fòt yo, se paske yo pa fanm, se yo ki manke yon bagay. Menm nan legliz se sa yo montre.
Nou leve tifi ak anpil lide komkwa yo koupab pou tout bagay, e sitou, yo responsab pou tout aksyon ke gason fè. Mentalite sa komanse enprime lakay yo depi piti e nou pase yo chak jenerasyon ak kèk pawol tankou:
Tifi se gasoline, ti gason se dife. Si dife a pase pranw e dechepiyew, se fòt ou, se ou ki te agase li…. Tifi se tipou, tigason se kòk. Si kòk la bekew jouk nan san, se fòt ou, ou te nwil… Ou pa gen menaj, se fòt ou. Minn ou toujou mare. Ki gason kap pran yon fanm ak figi long.
Tifi fèmen janm ou, si tigason an kenbew, se ou ki chachel, se ou ki te ap atirel sou ou… Si li kenbew, li fe kadejak sou ou, se fòt ou, ki rad ki te sou ou? Depi ou mete bout jip sa yo, se invite ou tap envitel mete men sou sou, ou pa ka kriye, rizez…
O, li baw yon kalòt? Se fòt ou. Ou konnen li pa renmen lè ou mete rad sa yo. Li pa renmen lè moun ap gadew, lè je lòt gason sou ou. Ou fe expre pou agase li, se pa fòt li… Li pa vlew sòti? Lap fè jalouzi? Se renmen li renmen twòp. Ou bal twòp pwoblèm…
Li maspinen w? Se fòt ou, ou twò bouzen! Si ou te fè respèw, sa pa tap rive. Se paske wap mache koupe ak lòt nèg kifè sa rive. Si mariw ap baw pwoblèm, se paske ou pa priye ase. Se pou ou rete ak li. Se lapriyè pouw lapriyè pou Bondye touche kèl. Gason an se chef kay. Fòk ou soumèt ou ba li.
Alòs, nou fè medam yo konprann ke tout bagay se responsabilite yo. Nou tèlman mete nan tèt yo ke tout bagay se sou do yo, menm sa ki pou ta pozitif yo, se yo ki pou fè tout bagay, tout efò pou yo tou. Pa gen anyen ki natirèl. Pa gen anyen ki tankou yon prensip:
Jèn fi pa jèn chyenn. Ranje kow pitit pou mesye yo ka wè frechè a. Men fòk ou janti, fòk ou souri pou yo wè ou gen bon jan…Ou gen menaj, fòk ou montre nèg la kalitew, fòk ou fè kow dous pou li ka damou…
Ou gen mari, fòk ou okipe vant li ak bout anba li pou li satisfè…Pou li bay kòb nan kay la, se responsabilitew. Se ou ki pou konnen kijan pou ou jerel, pou ou ka jwenn kòb nan men l. Si li pa bay se ou ki pa konnen kisa pou fè. Apa li gen yon lòt fanm epi lap simen lajan sou li… Oswa ou pa wè intel? Li konn kisa poul fè. Se pou ou mandel…
Nou leve ni tifi ni tigason ak yon mantalite kote bon prinsip pase anba pye. Nou pa montre yo swiv aspiration ak rev, men nou prezante yo yon imaj sosyete a, avèk yon wòl, yon plas ke nou prepare pou yo selon sèks yo. Nou di yo se konsa sa ye, se konsa sa ap rete. Nou leve yo ak imaj, aparans, ak yon moul pou yo antre ladan:
Yon bel tifi, janti, ki konn dis dwèt li, ki mache sou zòd. Yon fanm ki konnen sak rele fanmi, ki ap okipe kay li, pran swen mari ak pitit, fè edikasyon pitit. Men tou yon fanm ki ap toujou mete maril devan paske li se wa, ki ap toujou ba li rezon. Depi nan jan manje ap separe sou tab la, tifi a soti ak imaj, gason se wa, fòk ou trete l konsa. Fanm nan pase apre. Se pou li toujou rete dèyè epi soumèt li ak gason.
Yon bel gason, byen kanpe, yon bon macho ki pa pote pantalon li pou bel twal. Yon ti kòk ki ka fè sa li vle, depi lakay li, manman l trete l konsa. Li toujou gen rezon, moun pap manyen li. Si gen yon bagay ki rive, se pa fòt li. Fòk li montre li fò, li solid. Li pa ka kriye. Nou pa montre yo enpòtans yon gason nan ledikasyono timoun. Se zafè gen kòb sèlman nou montre yo oswa pouvwa, otorite kom gason. Kidonk depi yo gen lajan, pouvwa, yon pozisyon ki ba yo otorite, yap ka fè tout bagay.
Nou ankouraje yon pati epi nou pran yon pati tankou tapi pou pye. Se vre, gen anpil bagay ki gen pou we ak pesonalite yon moun, ak eksperyans li ap fè, ak kote lap pase, ak moun lap rankontre sou chimen li. Men premye enpresyon fanmi ak sosyete ba ou lè ou timoun konte anpil. Fòk ou gen anpil fòs karaktè, e fòk ou gen konsyans li pa bon pou ou chanje et travay sou tèt ou pou adopte yon lòt mantalite
Lè yon gason leve men sou fanm, pa gen kesyon ou bezwen konnen kisa fi a fè. Kesyon an se li pa gen dwa. Lè yon gason leve men sou fanm, pa gen kesyon lang ak dan mode, oswa lè sa te dous ou pat la, kidonk nan pwoblèm ou pa ka la. Kesyon an se li pa gen dwa e fòk gen yon pinisyon pou sa. Ou gen pwoblèm ak yon moun, ou pran distans ou.
Lè ou piti, ou fè dezòd, yo tapew pouw pa janm fe sa ankò. En plis, fanmiw, paran w pa kontan avèk ou. Yo montrew yo pa apresye sa ou fe a. Pinisyon an moral tou. Menm jan tou, lè ou granmoun si ou fè yon zak ki pa bon, fòk gen yon pinisyon pou sa tou, pou ou pa repete jès la. E sosyete a dwe mete w apa paske konpòtman ou an pa akseptab. Sinon, se pa yon sosyete.
Lè nap kap montre valè sa yo nan fanmi yo ak nan sosyete a, nap gen yon vre chanjman. Se lè nap edike ni fanm ni gason pou yo responsab, se lè sa nap gen yon lòt baz pou demen miyò. Nou gen anpil poun fè men nou ka komanse la.
Fòk nou aprann fi nou yo renmen tèt yo. Se premye responsabilite yo. Fòk nou aprann yo ke yo ka fè anpil bagay e yo pa oblije depann de yon nèg pou sa. Fòk yo konprann ke yo pa responsab de zak lòt moun e tout pwoblèm nan yon sitiyasyon yap viv se pa yo menm ki pou pote l ni rezoud li. Fòk yo wè tèt yo yon lòt jan.
Fòk nou aprann gason nou yo ke fanm pa tapi anba pye yo. Fòk nou montre yo respekte fanm. Fòk nou aprann yo pran responsabilite yo pou zak yo fè. Se pa lòt moun ki fèl. Se pou yo aprann idantifye rezon kife yo aji pou yo adresse li. Se pa yon lòt moun ki fè ou aji, se ou ki deside fè yon aksyon. Asume li ak tout konsekans yo.
Fòk nou komanse la pou nou tout ka responsab…
ou fin pale. m pa menm vle ajoute anyen anplis…
J’aimeAimé par 1 personne
madanm!!!
J’aimeAimé par 1 personne